Yon Rapò Medikal Revele Senatè John McCain Ap fè Fas ak yon Kansè nan Sèvo li

Senatè Eta Arizon a, Repibliken John McCain, pandan li tap pale nan Capitol Hill nan Washington, 23 me 2017.

Dapre enfòmasyon ki soti nan lopital the Mayo Clinic Hospital nan Phoenix mèkredi 19 jiyè 2017 la, Senatè John MacCain gen yon kansè nan sèvo li. Senatè Eta Arizona a te absan pandan dènye jou sa yo nan Kongrè a akoz pwoblèm sante kote nouvèl yo te rapòte li fèk sot sibi yon operasyon nan zye.

John McCain ki gen 80 lane sou tèt li gen plis pase 30 tan nan Kongrè ameriken an. Li se yon ansyen veteran lagè Vyetnam nan. Lame lenmi an te kaptire li e yo te kenbe li nan prizon kòm prizonye lagè soti nan ane 1967 pou rive 1973. Absans Senatè McCain nan Washington nan jou pase yo lakoz vòt sou plan Swen Sante Prezidan Donald Trump la ki te deja pase nan Chanm dè Reprezantan pa rive vote nan Sena a.

Nan Lamezon Blanch, Prezidan Donald Trump ekri sou kont Twitter l pou l di: " Senatè John McCain se yon gwo konbatan. Melania ak mwen voye panse nou ak priyè nou pou Madanm Senatè John McCain [Cindy] e tout manm fanmi li alawonbadè.

Lidè Majorite a nan Sena a, Repibliken Mitch McConnell ekri yo nòt pou l di: "Senatè John McCain se yon ewo pou pati Repibliken an e yo ewo peyi a. Li pa jan fè bak devan nenpòt ki batay lap mennen. Priyè palmantè yo nan Sena avèk ou Senatè McCain, Madanm ou Cindy e ak tout manm fanmi ou." Pou site nòt Senatè Mitch McConnell a.

Ansyen Prezidan Barack Obama ki te pote laviktwa nan eleksyon prezidansyèl amerikèn you sou Senatè McCain nan lane 2008, ekri sou kont Twitter li: "Senatè John McCain se pi gwo ewo mwen te ka konnen. Maladi kansè sa a pa konnnen devan kilès li kanpe la."

Glioblastoma se non kansè yo revele Senatè McCain genyen nan sèvo li a. Dapre espesyalis yo nan American Brain Tumor Association, Glioblastoma se yon maladi ki danjere anpil. Pami moun ki laj plis pase 55 kan maladi sa a atake sèlman 4 pousan ladan yo viv.

Se menm tip kansè sa a ki te touye Senatè Ted Kennedy nan lane 2009. Senatè Ted Kennedy se te frè Prezidan ameriken John F. Kennedy ki te mouri asasine.