Ambasadè Lèzetazini nan l'ONU, Nikki Haley, Apiye Chanjman Prezidan Trump Anonse nan Politik Washington Vizavi La Avàn

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini, Nikki Haley, ki tap asiste yon rankont Konsèy l'ONU sou Dwamoun nan vil Jenèv, Peyi Laswis, nan dat 6 jen 2017 la.

Kèk èdtan aprè Prezidan Donald Trump te fin mete devan pèp ameriken an mesaj kote li anonse kèk gwo chanjman nan politik Washington vizavi Kiba, anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini an, Nikki Haley, pibliye yon deklarasyon kote li apiye chanjman prezidan an anonse yo.

===============================================

DEKLARASYON ANBASADè NIKKY HALEY SOU NOUVO POLITIK PREZIDAN TRUMP VIZAVI KIBA

Misyon Lèzetazini nan Nasyon Zini

Biwo Laprès ak Diplomasi Piblik

“Diktati Kiba a se youn nan diktati ki pi opresif nan lemond. Li anpeche pèp li a jwi libète ki pi bezik yo. Sitiyasyon sa a pat chanje ak politik administrasyon ki te la anvan an. Prezidan Trump poze aksyon ki kòrèk la. Dola ameriken an pa dwe sèvi pou apiye ni lame, ni rejim ki nan Kiba a. Pèp kiben an pral genyen libète yon jou. Objektif nouvo politik sa a se ede jou libète a rive pi vit.”

16 Jen 2017