Rankont Gouvènman Trump la ak 100 Senatè Ameriken yo sou Danje Nikleyè Kore di Nò a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Senatè Chris Coons (D-Delaware) ki tap pale ak laprès aprè tou lè 100 senatè yo te fin jwenn enfòmasyon sou sitiyasyon an nan Kore di Nò nan Biwo Eisenhower a nan La Mezon Blanch, nan Washington, D.C. (Foto: 26 april 2017).

Nan moman tansyon an ap monte sou Preskil Kore a kote rive nan yon pwen li pat jann atenn anvan, tou lè 100 manm Sena ameriken an reyini nan La Mezon Blanch, nan fen jounen mèkredi 26 avril 2017 la, pou yon rankont ak tout pòt fèmen kote manm gouvènman Trump la ap ba yo detay sekrè sou fason li konte fè fas ak menas Kore di Nò poze nan domèn zam nikleyè a ak estratreji administrasyon an prepare pou sa.

Senatè yo --repibliken kou demokrat-- te ale nan rankont la ak yon konviksyon total ke Kore di Nò ap prese devlope kapasite li pou l lanse yon atak nikleyè sou Lèzetazini. Senatè Susan Collins (Rep-Maine) ki bay Lavwadlamerik yon entèvyou anvan reyinyon an, fè deklarasyon sa a:

“Mwen ta renmen gen plis detay sou kapasite Kò Koreyen yo; sou efò nap deplwaye pou n fè Lachin antre nan koze a pou l fòse Kore di Nò kite pwogram nikleyè l la tonbe; mwen vle gen detay tou sou lòt opsyon nou kapab eksplore--tankou sanksyon pa egzanp.”

Senatè John McCain (Rep-Arizona), ki se prezidan Komisyon Afè Militè Sena a, di li konsidere yon Kore di Nò avèk zam nikleyè kòm yon menas ki gen pwopòsyon istorik. Nan yon entèvyou Misye McCain bay Sèvis Sèb Lavwadlamerik a, li ajoute:

“Daprè mwen, lè w byen gade, se yon sitiyasyon ki danjere menm jan kriz dè Misil Kiba a."

Senatè McCain fini pa di rejim Kim Jong Un nan pi enstab lontan pase rejim papa li ak gran-papa li; se poutèt sa Lèzetazini dwe kite opsyon militè a sou tab la.