Irak: Lakwa Wouj Fè Konnen Malad nan Lopital Mosoul yo Montre Sentom Kòmkwa yo Ta Viktim Anba yon Atak ak Zam Chimik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Abitan nan Mosoul ap respite move odè apre yon atak ak bonm gwoup teworis ISIS la te fè nan zòn nan. Mosoul, Irak. 22, 2017. (H. Murdock/VOA)

"Kèk solda te fè konnen kay sa a oblije detwi" se pawòl Dhia Deen, yon chofè taksi nan yon ri akote lye ki te wè pi move atak chimik ki janm fèt nan Mosoul. Dhia di repòte yo, “Menm bèf nou yo malad."

Plizyè semèn apre atak la, sant la toujou gen move san e moun ki nan vwazinaj yo ap plenyen pou je yo kap fè dlo e pou pwoblèm nan po yo vin ap devlope. Kèk otorite nan Irak fè konnen yo pa wè okenn prèv ki montre gwoup Eta Islamik la gen kapasite pou deplwaye zam chimik.

Pa lontan apre atak mwa sa a, otorite lokal yo te fè konnen militan gwoup Eta Islamik te fè sote bonm nan 5 kay sivil pou pi piti nan lès Mosoul ak zam ki gen pwazon chimik atizanal. Doktè nan Komite Kwa Wouj Entènasyonal di pasyan yo moutre sentòm gaz moutad.