Afrik: Gouvènman Zimbabwe a Di li Gen Gwo Difikilte pou Ede Viktim Inondasyon Desanm 2016 yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kat jewografik peyi Zimbabwe

Inondasyon nan sid ak sidwès peyi Zimbabwe touye 246 moun e kite preske 2 mil lòt san kay depi nan mwa Desanm 2016 pase a.

Gouvènman an nan Zimbabwe gen gwo pàn lajan. L ap mande kominote entènasyonal la èd pou l kabap fè fas ak dega ki fèt nan inondasyon yo.

Otorite yo fè konnen dlo pote ale wout ak pon, kidonk yo koupe kominikasyon nan kèk kominote ak lokalite vwazen yo.