Repons pou Dekrè Prezidan Donald Trump kont Mizilman yo: Militan yo Mande Imigran Pa al Travay Jedi 16 Fevriye 2017 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moun kap pwoteste kont desizyon administrasyon Trump la pran pou l depòte imigran ilegal. (Foto-Achiv: Angeles, Kalifòni, 26 janvye 2016).

Ozetazini, divès gwoup kap defann dwa imigran lanse yon modòd kote yo mande imigran kap viv tou patou sou tèritwa ameriken an rete lakay yo, pa ale nan travay pandan tout jounen jedi 16 fevriye 2017 la, kòm yon mesaj yap voye bay administrasyon Trump la pou montre li pwa imigran yo nan ekonomi amerikèn nan. Mouvman sa a se yon repons pou dekrè Prezidan Donald Trump te siyen pou entèdi sitwayen 7 peyi mizilman antre Ozetazini.

Your browser doesn’t support HTML5

Jean Robert Lafortune, dirijan Haitian-American Grassroots Coalition, oganizsyon defans dwa imigran ki baze nan Miami.

Jean Robert Lafortune

Klike sou lyen anlè a pou w koute reyaksyon Jean-Robert Lafortune, youn nan dirijan Haitian-American Grassroots Caolition, yon òganizsyon kap defann dwa imigran e ki baze nan vil Miami, nan Eta Florid.