Entèdiksyon Vwayaj Administrasyon Trump la “Pa Dwe Bay Ayisyen Kè-Sote”

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manifestan kap pwoteste nan Washington kont entèdiksyon vwayaj Administrasyon Trump la dekrete a.

Avoka Imigrasyon Philip Berns, ki baze nan Connecticut, di “sèl Ayisyen ki ta dwe gen preokipasyon, se sila yo kap mande refij Ozetazini."

Yon tribinal dapèl ameriken nan Eta Kalifòni ap tande, depi madi 7 fevriye 2017 la, agiman “pou” e “kont” dekrè Prezidan Donald Trump pran pou entèdi sitwayen 7 peyi mizilman antre Ozetazini pwovizwaman.

Avoka Imigrasyon Philip E. Berns

Espesyalis nan kesyon imigrasyon Avoka Philip Berns ki baze nan vil Stamford, Eta Connecticut, kap reyaji sou dosye a kòmanse pa di entèdiksyon vwayaj sa a pa ta dwe genyen move konsekans sou Ayisyen kap viv legalman sou tèritwa ameriken an oubyen ki gen viza pou yo vwayaje nan peyi a. Daprè Mèt Berns, “Sèl Ayisyen ki ta dwe gen preokipasyon, se sila yo kap mande refij Ozetazini."

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou Avoka Philip Berns al Lyonel Desmarattes sou entèdiksyon vwayaj gouvènman Trump la dekrete a.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay ak Avoka Berns nan mikwo Lyonel Desmarattes.