Gouvènman ewopeyen yo redi anpil, pandan jounen madi 17 janvye 2017 la, pou yo chache konnen si deklarasyon tèt-chaje prezidan eli ameriken an, Donald Trump, fè sa pa gan lontan nan yon entèvyou ak 2 jounal ewopeyen, se deklarasyon ki pral tounen reyalite nan politik nouvo gouvènman an nan Washington.
Lidè ewopeyen yo te espere, a mezi dat antre an fonksyon Trump la tap pwoche, Prezidan eli Lèzetazini an ta pral chanje ton li te itilize nan kanpay elektoral la, kote li te kritike Inyon Ewòp la ak l'OTAN --sitou l'OTAN ki, dapre misye Trump, se yon òganizasyon pase e depase.
Sepandan, nan yon entèvyou Donald Trump bay jounal londonyen Sunday Times ak jounal alman Bild, li repete kritik li te fè kont Inyon Ewòp la; e sa pwovoke mekontantman lidè ewopeyen tankou minis afè etranjè alman an, Frank-Walter Steinmeier. Misye Steinmeier reponn pou l di :
“Pozisyon Misye Trump sou l'OTAN an kontredi opinyon kandida pou pòs minis defans ameriken an, Jeneral James Mattis, te bay sa gen kèk jou sèlman nan yon seyans-depozisyon nan Kongrè Lèzetazini an nan Washington.”
Jeneral Mattis te di manm Kongrè a:
"Prezidan ris la, Vladimir Putin, ap eseye kraze Oganizasyon Trete Atlantik Nò a –l’OTAN. Si nou pat gen yon òganizasyon tankou l'OTAN jodi a, nou tap bezwen kreye youn."