Apre Lanmò Anbasadè Ris la nan Ankara, Tiki ak Larisi Dispoze Ranfòse Relasyon yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Peyi Latiki a, Recep Tayyip Erdogan.

Prezidan peyi Larisi ak Latiki antann yo pou di asasinay anbasadè ris nan Annkara, Andrei Karlov, pa pral gate bon relasyon ki egzite ant 2 peyi yo. Dapre sa Ajans France Presse rapòte apre 2 lidè yo te pale nan telefòn lendi swa, Prezidan Recep Tayyip Erdogan pran lapawòl nan Istanboul pou l di :

“Nou pataje menm konpreyansyon ak Misye Putin --sètadi domèn kote kowoperasyon nou ak Larisi ap laji, espesyalman nan dosye Siri a, pa pral gen pwoblèm akoz atak sa a.”

Minis afè etranjè Latiki ak Larisi --respektivman Javad Zarif ak Sergei Lavrov- pandan yo tap depoze 2 jèb flè nan Moskou pou anbasadè ris ki mouri ansasinen nan Annkara a, Andrei Karlov.

Minis afè etranjè 2 peyi yo depoze flè, nan jounen madi 20 desanm 2016 la nan Moskou, devan pòtre Anbasadè Karlov ki te mouri lendi anba bal yon polisye ki pat de sèvis, e li mouri nan sa k sanble ak yon pwotestasyon kont enplikasyon Larisi nan Siri, kote moun pa sispann pèdi lavi yo depi prèske 6 zan deja.