Etazini-Politk : Divizyon nan Kan Trump la pou Plas Sekretè Deta a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

A dwat: Prezidan eli ameriken an, Donald Trump, ak ansyen majistra kominal New York la, Rudy Giuliani;- agoch : D. Trump ak ansyen Gouvènè Eta Massachusetts la, Mitt Romney.

Ozetazini, yon divizyon pete nan mitan ekip tranzisyon prezidan eli a, Donald Trump, sou kesyon pou konnen ki pèsonalite ki pral okipe fonksyon Sekretè Deta -oubyen Chèf Diplomasi. Chire-pit sa a –ki tonbe nan zorèy piblik la, ki pran lari kounyela a- lakoz yon reta nan fòmasyon ekip kap responsab sekirite nasyonal la jiskaske yo va jwenn yon solisyon pou divizyon an.

Responsab kanpay Trump la separe an 2 kan: youn pou ansyen kandida a la prezidans Pati Repibliken an nan lane 2012, Mitt Romney, epi yon lòt gwoup an favè ansyen majistra kominal vil New York la, Rudy Giuliani.

Mitt Romney (agoch) epi Rudolph Giuliani (adwat).

Kèk moun di Misye Romney pa gen fidelite ase anvè Donald Trump; ansyen gouvènè a te deklare yon jou li konsidere prezidan eli a kòm yon "fo jeton", yon tanbou vid; tandiske gen kritik ki fè konnen Misye Giuliani genyen twòp koneksyon pèsonèl ak kèk sektè etranje -sa ki ta ka enpeche l jwenn konfimasyon sena a fasilman.

Anfen kèk sektè menm ap poze kesyon pou mande eske ansyen majistra New York la -ki genyen 72 zan jounen jodi a-- genyen jèvrin ase, eske li an kondisyon fizik ase pou l satisfè egzijans fonksyon Sekretè Deta a ki mande pafwa pou yon moun vwayaje anpil atravè lemond.

Donald Trump --ki gen repitasyon kòm yon moun ki abitye chanje lide l tout tan-- fè konpliman pou 2 kandida pou pòs chèf diplomasi a. Sanble Misye Trump pale ak kèk pwòch kolaboratè pou l di yo Mitt Romney genyen fizik Sekretè Deta a; se konsa tou, nan diskisyon sa yo li chante lwanj Rudy Giuliani.