Etazini-Politik: Premye Rezilta Preliminè Eleksyon Prezidansyèl la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Hillary Clinton / Donald Trump

Premye rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl ki dewoule madi 8 novanm nan Ozetazini fè konnen kandida repibliken an, Donald Trump, ranpòte Eta sa yo: Indiana, Kentucky, Alabama, Tennessee, Mississippi, Oklahoma, Missouri, Kawolin di Sid, tandiske kandida democrat la, Hillary Clinton, ranpòte Eta Vermont, Connecticut, Rhode Island, Delaware, New Jersey, Maryland, Massachusetts, Ilinwa ak vil Washington, DC. Daprè nouvèl yo, sanble Eta Vijini Oksidantal panche sou bò repibliken an, sètadi pou Donald Trump; epi premye eleman nouvèl ki sòti nan Eta Florid fè konnen kous la twò sere pou moun konnen ki kandida kap ranpòte Eta sa a.

Mizajou: A 2 zè di maten (lè Washington ak Ayiti), nan nuit madi 8 pou leve mèkredi 9 novanm 2016 la, sitiyasyon an nan kolèj elektoral la te pezante konsa: Donald Trump 254; Hillary Clinton 218.

00000000000000000000000000000000

Yon lot kote, nouvèl yo fè konnen gen yon moun pou pi piti ki mouri tandiske 3 lòt blese nan yon tire ki pati nan yon biwodvòt nan Eta Kalifòni. Koutzam yo pati nann kòmansman apre midi jounen elektoral 8 novanm nan nan vil Azusa, sou yon distans 40 kilomèt ak Los Angeles, nan moman moun ta prale nan biwodvòt la pou yo jete bilten yo.

Cherif Konte Los Angeles la, Kaptenn Jeff Scroggin, pale ak laprès pou l di lapolis ap chache arete omwen yon nèg ki ame jous nan dan. Otorite yo mande moun kap viv nan zòn nan pou yo pa pase bò biwodvòt la e yo bloke antre-sòti yon lekòl ki tou prè a. Laprès pa tèlman resevwa twòp detay sou fiziyad la.

00000000000000000000000000000000000

Nouvèl ki te sòti nan katye jeneral kanpay Donald Trump la nan vil New York te fè konnen, nan kòmansman apremidi jounen elektoral la, kandida repibliken an te ale devan lajistis pou l konteste davans rezilta yo nan Eta Nevbada. Li te prezante devan yon tribinal pou l soumèt yon plent nan sans sa a.

Nan dokiman Misye Trump te mete devan lajistis la, li te akize responsab yon biwo elektoral nan Konte Clark, nan Eta Nevada, deske yo te kite yon biwo elektoral rete louvri pandan 2 zèd tan aprè tan nòmal la pou li te pèmèt elektè vote; e majorite elektè sa yo se demokrat. Dènye nouvèl yo fè konnen jij ki tande afè a rejte agiman Misye Trump yo; jij la deside plent la nil e san valè. Dapre kèk obsèvatè, desizyon biwo elektoral la te pran pou l kite votan yo ranpli devwa sivik yo aprè lè, se yon desizyon jistifye, paske yote deja nan liyn; daprè obsèvatè sa yo, se nòmal pou responsab yo te kite elektè yo vote menm jan ak moun ki te la atan yo, sètadi anvan lè fèmti biwo a.