Janet Reno, Premye Fanm ki Dirije Ministè Jistis Lèzetazini an, Mouri a 78 An

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis Jistis Janet Reno

Janet Reno, premye fanm ki okipe pòs Minis Jistis la Ozetazini (1993-2001), mouri lendi 7 novanm 2016 la anba konplikasyon maladi Parkinson.

Janet Reno ki tap prete sèman devan jij Kou Siprèm ameriken an Byron White (adwat) kòm premye fanm ki vin Minis Jistis Ozetazini nan yon seremoni ki te dewoule nan La Mezon Blanch nan dat 12 mas 1993. A goch nou ka wè ansyen Prezidan Bill Clinton (Foto: Achiv).

Madanm Reno te pase 8 tan nan tèt Depatman Jistis Lèzetazini an sou gouvènman Prezidan Bill Clinton. Li te kòmanse avèk otorizasyon li te bay pou Biwo Ankèt Federal la la, FBI, lanse yon atak sou enstalasyon branch kilt Davidyen an tou prè vil Waco, nan Eta Tegzas, yon operasyon ki te koze lanmè 80 moun (pami yo te genyen anpil pitit avèk fanm). Vrèmanvre operasyon sa a te debouche sou yon konfwontasyon ki te dire anpil tan ant otorite federal yo e konbatan kilt la.

Non Minis Reno makònen tou ak ensidan kote otorite federal yo te atake, pandan nan nuit, yon kay nan Miami kote manm fanmi yon ti kiben ki te rele Eliàn Gonzalez tap viv avèk ti bway la. Manman Eliàn te mouri nan lanmè pandan li tap eseye sòti Kiba nan yon bato ak pitit la pou l antre nan Eta Florid. Gadkòt te jwenn ti bebe a sou lanmè apre batiman an te fè aksidan. Janet Reno te nan tèt operasyon otorite ameriken yo te lanse pou pèmèt ti gason an retounen al jwenn papa l, sèl paran ki tap viv toujou a, alòske ke manm fanmi an nan Miami ak yon gwo pati nan piblik la ta pito wè pitit la rete Ozetazini.

Nan foto sa a, ki te fèt an 2001, ansyen minis jistis Janet Reno tap pale ak laprès ki te reyini lakay li nan vil Miami apre li te anonse li ta pral poze kandidati li pou pòs Gouvènè Eta Florida.

Janet Reno sete yon potorik fanm ki te mezire plis pase 2 mèt (6 pye 2 pous) de wotè. Li pat janm marye. Li te gen repitasyon kòm yon moun ki te konn batay avèk aligatò lè li tap grandi nan zòn riral Eta Florid yo e anvan li te vin minis sete yon ofisyèl lajistis ki pat ezite lite kont manm mafya ak trafikan dwòg.

Aprè Janet Reno te kite Washington, li te retounen lakay ki nan vil Miami kote, daprè sa yon fiyèl li, Gabrielle D’Alemberte, di Associated Press, li te pase dènye jou li yo nan mitan manm fanmi li ak zanmi li. Li te genyen 78 an.