Venezuela/Politik: Premye Rankont nan 2 Mwa ant Prezidan Maduro ak Lidè Opozisyon an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, ki tap bay lanmen ak sekretè jeneral Kowalisyon Opozisyon Demokratik la (MUD), Jesùs Torrealba, pandan yon rankont ki dewoule Caracas nan jounen dimanch 30 oktòb 2016 la. (Foto: REUTERS/Palè nasyonal Miraflores).

Manifestasyon nan Caracas nan jounen mèkredi 26 oktòb 2016 la pou denonse yon vòt palman an ki te anile yon plan referendum kont gouvènman Prezidan Maduro a.

O Venezuela, pou lapremye fwa nan 2 mwa Prezidan Nicolàs Maduro ak ekip politik li a rankontre ak divès lidè opozisyon an nan yon tantativ pou wè si yo ta rezoud yon kriz politik ki pete nan peyi a. Prensipal egzijans opozisyon an se pou otorite yo retounen sou desizyon yo pran pou yo anile yon referendum ki ta kapab debouche sou revokasyon Prezidan Maduro. Nan jou ki pase yo, plizyè dizèn milye manifestan te pran lari pou yo montre apui yo pou referendum nan.

An prezans kèk medyatè entènasyonal, Misye Maduro rankontre, nan jounen dimanch 30 oktòb 2016 la, avèk 5 lidè opozisyon an; pami yo te genyen secrete jeneral Kowalisyon Inite Demokratik a, Jesùs Torrealba, ak yon gouvènè ki nan tèt opozisyon an tou, Henri Falcòn.

Sou Sekretè Deta ameriken pou Afè Emisferik yo, Thomas Shannon.

Sou-Seketè Deta ameriken pou Afè Emisferik yo, Thomas Shannon, kite Washington lendi 31 oktòb la pou l ale Caracas pou yon vizit 3 jou. Li pral rankontre ak otorite woplase nan gouvènman an, manm opozisyon politik la ak reprezantan sosyete sivil la.

Depatman Deta ameriken an fè konnen objektif vizit sa a se montre enterè Lèzetazini nan byennèt pèp venezuelyen an epi manifeste apui Washington pou dyalòg ki kòmanse a.