Prezidan Konlonbyen an, Juan Manuel Santos, Ranpòte Pri Nobèl Lapè 2016 la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, tap souri lè tap anonse laprès li ranpòte Pri Nobèl Lapè 2016 la. (Li te gen bò kote li madanm li, Maria Clemecia de Santos). Foto: Vandredi 7 oktòb 2016.

Komite Nobel la anonse Pri Nobel Lapè ane 2016 la al jwenn prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, pou efò li te deplwaye pou li jwenn yon akò lapè ak gwoup guerrilla Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a, FARC, pou mete fen nan konfli ki pi long nan tout istwa kontinan ameriken an.

Rekonpans sa a, ki reprezante yon veritab sipriz, al jwenn Prezidan Santos kèk jou apre pèp kolonbyen an te rejte akò lapè a nan yon referandòm ki te dewoule dimanch 2 oktòb 2016 la . Pandan prezidan Komite Nobel la, Kaci Kullman Five, tap fè anons la byen bonè vandredi 7 oktòb la, li presize rezilta referendum nan pa diminye enpòtans travay Prezidan Santos te fè an favè lapè nan Kolonbi.

Madam Kullman Five ajoute sitwayen kolonbyen yo pa rejte volonte lidè yo a genyen pou l travay pou lapè nan peyi li , men yo rejte sitou sa ki di nan akò lapè a.