Etazini: Fas-a-Fas Ant 2 Kandida pou Pos Vis-Prezidan, Mike Pence, Pati Republiken-an ak Tim Kaine, Demokrat

Kandida pou Pos Vis-Prezidan, Tim Kaine, Demokrat ak Mike Pence, Pati Republiken-an (g-d)

Isit Ozetazini, kandida alaprezidans pati Republiken-an, Donald Trump, mennen kanpay madi 4 oktòb 2016 la nan eta Arizona, nan lwès peyi a, tandiske rival demokrat li a, Hillary Clinton, ap òganize miting de mas nan Eta Pensilvani.

Men atansyon obsèvatè yo pral santre sitou sou Eta Vijini kote kolistye 2 kandida yo (sa vle di kandida pou pos vis-prezidan an, Mike Pence pou Donald Trump, ak Tim Kaine pou Hillary Clinton) pral fè sèl deba yo gen sou pwogram yo anvan eleksyon yo dewoule an dat 8 novanm 2016 la .

Fas-a-Fas ant Misye Pence ak Misye Kaine nan pral dewoule kèk jou anvan Misye Trump ak Madan Clinton rankontre pou yo fè 2 zyèm deba yo nan dat 9 oktòb kap vini an.