Ansyen Senatè Juan Raùl Ferreira: Chèf Misyon Obsèvasyon Elektoral l’OEA a ann Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ansyen senatè peyi Irigwe, Juan Raùl Ferreira, pral sèvi kòm chèf misyon obsèvasyon Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) pral voye ann Ayiti pou obsève eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fikse pou 9 oktòb 2016 la.

Misye Ferreira te sèvi kòm Senatè Repiblik Irigwe ant 1985 e 1990 epi kòm anbasadè peyi li nan Ajantin ant 1995 e 1999. Avèk yon doktora nan Relasyon Ekonomik Entènasyonal ak Dwa Imanitè, Misye Ferreira okipe jounen jodi a pòs Direktè Enstiti Nasyonal Dwamoun nan peyi Irigwe. Li te patisipe nan plis pase 10 misyon obsèvasyon Oganizasyon Eta Ameriken yo.

Depi ane 1990, l’OEA deplwaye 15 misyon obsèvasyon elektoral ann Ayiti e depi 2014 òganizasyon an ap akonpaye pwosesis elektoral ki sou pye nan peyi a jounen jodi a.”