Ozetazini-Prezidansyèl: Lagè Pawòl la Ap Kontinye ant Donald Trump ak Hillary Clinton

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton (agoch) ak kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, an desen anime.

D. Trump

Ozetazini, kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, deklare pèp ameriken an se yon pèp ki gen bon kè, men li pa kapab pran chans ak kesyon refijye a. MisyeTrump pale konsa nan jounen madi 6 septanm 2016 la pandan li tap reponn kesyon yon foul moun nan vil Virginia Beach, Eta Vijini, kote li te parèt ansanm ak jeneral retrete Michael Flynn, yon gwo sipòtè kanpay Trump la. Kandida repibliken an akize advèsè demokrat li a, Hillary Clinton, dèske li dispoze ogmante plizyè fwa lavalè kantite imigran kap antre Ozetazini.

H. Clinton

Madam Clinton, bò kote pa l, pran lapawòl nan yon meeting de mas nan vil Tampa, Eta Florid, kote li atake Donald Trump poutèt misye di li pa tap ezite itilize zam nikleyè kont teworis yo. Yon nouvo sondaj dopinyon chèn televizyon CNN reyalize, montre Donald Trump gen yon avans tou mens sou Hillary Clinton, swa 45 pou san kont 43 pou san, tandiske yon lòt sondaj bay Madam Clinton yon avantaj anviwon 3 pou san.

Nan menm jounen madi a, kandida repibliken an jwenn andòsman 88 jeneral ak amiral retrete ki di yo gen konviksyon Misye Trump kapab rebati lame amerikèn nan e mete sekirite sou fwontyè peyi a. Sepandan, li pran yon gwo kou avèk desizyon yon jounal konsèvatè, The Dallas Daily News, pran pou l pa andòse kandidati l la –se premye fwa depi 1964 jounal sa a refize apiye yon kandida repibliken kap chache okipe La Mezon Blanch.