5 Septanm 2016 la : Se “Labor Day” ou Jou Travay Ozetazini.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kèk manm sendika ki tap pwoteste nan vil Atlantic City, Eta New Jersey, pou mande pi bon kondisyon travay (Foto Achiv).

Nan okazyon Jou Travay la Ozetazini (5 septanm 2016 la), Prezidan Barack Obama ekri yon lèt tou louvri li voye bay travayè ameriken yo kote li di :

Prezidan Obama

“Travayè yo Ozetazini te leve vwa yo pou yo mande yon salè ki pi jis ak plis diyite nan lye travay yo. Se yon demand ki tonbe daplon ak jan sa fèt nan Listwa Lèzetazini. Nan kòmansman 20èm syèk la, travayè ameriken yo te mete tèt yo ansanm pou yo te lite pou diyite ak jistis nan lye travay yo.

“Travayè yo te leve kanpe, yo te òganize manifestasyon e yo te leve vwa yo pou yo mande yon semèn travay ki pa depase 40 tè; pou yo te egzije patwon yo peye yo lè siplemantè si yo te travay pi lontan pase sa; yo te reklame yon salè minimòm ak dwa pou yo kontinye mande yon pi bon salè ak benefis, tankou asirans sante, asirans vi ak pwoteksyon kont aksidan nan travay. Viktwa yo ranpòte nan batay sa a kreye Ozetazini pi gwo klas mwayèn ki egziste nan lemond la…”

Majistra kominal vil New York la, Bill de Blasio (Foto Achiv).

Nan okazyon Jou Travay la Ozetazini, majistra vil New York la, Bill de Blasio, te envite divès diyitè etranje vin asiste kèk aktivite popilè -tankou defile kanaval ak konsè mizik- ki toujou dewoule nan vil sa a kote anpil ayisyen ap viv. Youn nan envite ofisyèl yo, sete kandida a la prezidans peyi d Ayiti, Moise Jean-Charles, kandida Platfòm Pitit Desalin ki reponn kesyon Lavwadlamerik sou pwosesis elektoral la ann Ayiti, kanpay pati li a ap mennen epi, antwòt, preparasyon eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal yo ki fikse pou 9 oktòb 2016 la.