Ayiti-Eleksyon: Kanpay la Lanse Ofisyèlman Madi 23 Out la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Konsèy Elektoral Pwovizwa a lanse kanpay elektoral la ofisyèlman madi 23 Out 2016 la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou Prezidan KEP a, Léopold Berlanger, mande kandida yo pou yo evite dezòd pandan kanpay la. Misye Berlanger te pwofite yon rankont ak laprès pou li pote plis presizyon sou preparatif operasyon elektoral yo; daprè li, gen anpil chanjman ki fèt pou ankouraje plis elektè posib al vote jou eleksyon an.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 24 out 2016 la

Yon lòt kote, sena ayisyen an adopte yon rezolisyon ki mande gouvènman an retounen sou desizyon li sot pran pou l ogmante pri pwodui petwolye yo.

Anfen, Sendikalis Transpò pwa lou ki nan 10 depatman peyi a kritike otorite yo poutèt li ogmante pri pwodwi petwolye yo sou mache nasyonal la kèk semèn avan ouvèti ane eskolè a. Pòtpawòl federasyon transpò pwa lou yo, Dorismé Edvard, anonse yon grèv nasyonal nan tout peyi a pou jedi 25 out la si gouvènman an pa retounen sou desizyon an.