Ayiti Ekonomi--Monte Pri Pwodui Petwolye yo Avan Ouvèti Lekòl la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon gwoup moun ki kanpe nan yon estasyon gazolin pou yo achte gas

Minis ekonomi ak finans lan, Yves Romain Bastien, anonse gouvènman an deside ogmante pri pwodui petwolye yo nan tout peyi a a pati dimanch 21 out 2016 la pou ede otorite yo fè fas ak monte pri yo sou mache entènasyonal la ak defisi Leta ap konfwonte.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou Lendi 22 out 2016 la

Yon lòt kote, konsènan eleksyon yo, direktè Rejis Elektoral la, Philippe Augustin, konfime nouvèl ki fè konnen, si pa gen kontraryete, responsab yo kapab resevwa bilten vòt yo pou eleksyon tyè sena a ak prezidansyel yo nan dat 19 septanm 2016 la, jan kalandriye elektoral la prevwa l la.

Anfen, responsab Biwo Entènasyonal Avoka yo ann Ayiti, Mèt Mario Joseph, resevwa avèk satisfakyon nouvèl ki di Òganizasyon Nasyon Zini rekonèt finalman responsablite li nan prezans epidemi kolera ann Ayiti depi ane 2010. Jedi 18 Out 2016 la, swa yon jou apre òganizasyon mondya la te pibliye yon nòt nan sans sa a, yon kou dapèl federal nan New York te pran desizyon pou l kore jijman yon premye tribinal ki te di Nasyon Zini gen iminite ki pwoteje l kont pwosè ki tap fèt an favè viktim Kolera yo. Nan pwosè sa a, avoka viktim yo te mande pou Nasyon Zini peye domaj ak enterè.