Ayiti-Politik: Seyans Asanble Nasyonal la Ranvwaye pou Rezon Sekirite

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon sesyon nan Sena Ayisyen an

Palman ayisyen an ranvwaye pou yon dat endetèmine seyans ann asanble nasyonal ki te fikse pou jounen madi 21 jen 2016 la kote depite ak senatè te gen pou deside si wi ou non yo dwe pwolonje manda Prezidan Jocelerme Privert la.

Otorite lejislatif yo ranvwaye seyans la apre moun otorite yo pa rive idantifye te voye wòch sou lokal palman an jis anvan lè kote seyans la te gen pou kòmanse. Vis Prezidan Gan Kò a, senatè Ronald Larèche, di se pou rezon sekirite lidè 2 cham yo pran desizyon an.

Bò kote pa l, prezidan Chanm Depite a, Cholzer Chancy, di kòlèg li yo nan Chanm Bas la te deja prezan pou seyans la lè deblozaj yo te pete. Manifestan yo ki idantifye tèt yo kòm patizan pati Fanmi lavalas, t ap mande pou palmantè yo pwolonje manda prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pou l kapab òganize eleksyon yo.

Anfen, kandida a la prezidans platfòm politik LAPEH a, Jude Celestin, prezante nan BED Lwès la nan Pòtoprens, madi 21 jen an, pou li konfime kandidati li pou eleksyon 9 oktòb 2016 la. Misye Celestin te gen avèk li 2 lòt ansyen kandida: Sekretè jeneral OPL la, Sauveur Pierre-Etienne, ak kandida pati Mouvman Aksyon Sosyalis la, Eric Jean-Baptiste. Jiska madi 21 jen 2016 la, te gen 16 kandida sou yon total 54 ki te konfime patisipasyon yo. Delè pou kandida yo konfime patisipasyon yo ap rive nan bout li mèkredi 22 jen an.