Vil Wòm, ann Itali, Genyen yon Fanm kòm Majistra Kominal. Non li se Virginia Raggi

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kandida Mouvman 5 Etwal la, Virginia Raggi, pandan li tap depoze bilten li nan yon biwodvòt a Wòm, ann Itali, nan jounen dimanch 19 jen 2016 la.

Nan peyi Itali, yon kandida pou plas majistra vil Wòm, ki pa nan danse-kole ditou ak sistèm etabli a, tounen premye fanm ki eli pou dirije mèri kapital la, vil Wòm.

Non nouvo majistra kominal Wòm nan se Virginia Radji. Li te baze platfòm elektoral li a sou yon mesaj anti-koripsyon ki antre nan santiman sitwayen women yo. Li te pale ak yon gwoup patizan apre komisyon elektoral la te fin anonse viktwa l la. Madam Raggi deklare:

“Nou pral travay pou n pote egalite ak transparans nan enstitisyon nou yo. Apre 20 tan move jesyon e apre gouvènman vil la te pase lontan ap mennen swadizan ankèt sou gwoup mafya yo, nou pèdi tout nosyon bon prensip. Sa pral fini.”

Virginia Raggi pandan li tap salye patizan li yo nan denyè meeting kanpay li a nan Ostia, yon banlye vil Wòm, vandredi 17 jen 2016 la.

Virginia Raggi sete kandida yon pati popilis ki fòme sa pa gen lontan e ki rele M5S (ou Mouvman 5 Etwal). Li genyen 37 tan; li se yon avoka e li kale nan kous la yon kandida ki rele Roberto Giachetti, ke premye minis Matteo Renzi te chwazi pèsonèlman pou ale dèyè plas majistra a nan non Pati Demokratik la, yon pati sant-goch, ak kowalisyon ki sou pouvwa a.

Wòm sete youn nan plis pase 100 vil ann Itali ki òganize eleksyon minisipal nan jounen dimanch 19 jen 2016 la.