Ayiti-Politik: Reyaksyon Depaman Apre Piblikasyon Kalandriye Elektoral la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Bwat Bilten

Plizyè palmantè akeyi avèk satisfaksyon kalandriye elektoral KEP a pibliye lendi 6 jen 2016 la. Depite ak senatè sa yo swete aktè konsene yo va jwenn yon mwayen pou pèmèt Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, fin konplete pwosesis elektoral la.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 8 jen 2016 la

Toujou konsènan kalandriye elektoral la, sekretè egzekitif òganizasyon defans dwamoun New England Human Rights Watch la ann Ayiti, Anthonal Mortimé, panse koreksyon merite fèt nan dokiman sa a. Pa egzanp, misye Mortimé fè konnen, kontrèman ak sa ki di nan kalandriye a, eli yo nan nivo lejislatif la ta dwe antre an fonksyon anvan nouvo prezidan repiblik la prete sèman.

Yon lòt kote, patizan Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) kontinye manifeste atravè peyi a pou yo denonse desizyon KEP a pran pou l refè tout eleksyon prezidansyèl la. PHTK swete responsab yo òganize pito 2èm tou vòt ki te kòmanse nan ane 2015 la avèk patisipasyon 2 kandida ki te okipe premye ak 2èm plas yo. Pa egzanp, patizan sa yo te pran lari nan PòdePè nan kad yon operasyon ki rele "Zonbi Pran Lari". Nap raple Pati Ayisyen Tèt Kale te òganize manifestasyon menm jan nan Pòtoprens ak vil Ganayiv.

Anfen, yon dirijan Pati Politik Pèp K ap Lite (OPL) nan Orlando, sant Eta Florid, lanse lide pou Prezidan pwovizwa a Jocelerme Privert prese fè negosyasyon ak palman an sou mwayen pou evite yon vid enstitisyonèl nan peyi a apre 13 jen 2016 la, dat kote misyon chèf deta a ap pran fen. Ansyen depite Louis Timoléon panse pi bonè pati konsène yo ta jwenn yon antant sou kesyon an, se pi vit yap jwenn yon solisyon pou kenbe estabilite nan peyi a.