Ayiti-Karayib: Prezidan Privert Prezan nan Somè Chèf Deta Peyi Karayib yo nan Kiba

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kat Karayib la

Prezidan Jocelerme Privert twouve li nan La Avàn, Kiba, kote l ap patisipe nan 7èm somè chèf deta ak gouvènman peyi karayib yo. Nan jounen samdi 4 jen an lidè rejyonal yo pral diskite sou jan pou Karayib la afwonte pwoblèm tankou devlopman dirab, chanjman klimatik yo ak menas kont lapè, selon chèf deta ayisyen an ki te pale ak laprès nan ayeropò entènasyonal Pòtoprens la jedi 2 jen anvan li te pran avyon pou l ale Kiba. Misye Privert te pwofite okazyon an pou l abòde dosye dire manda li a (120 jou) kap pran fen nan dat 14 jen 2016 la. Prezidan ayisyen an di jiska prezan li toujou ap egzekite Akò 5 fevriye 2016 la.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou vandredi 3 jen 2016 la

Yon lòt kote, ansyen Premye Minis Evans Paul --kii te avèk li plizyè ansyen wo fonksyonè pouvwa Tet Kale a-- te ale nan biwo imigrasyon jedi 2 jen 2016 la pou yo konstate si otorite yo te leve mezi entèdiksyon depa pakè Pòtoprens la te pran kont yo. Msye Paul, ki konsidere aksyon pakè a kòm yon zak abitrè, di li menm ak lòt ansyen ofisyèl konsène yo ap pare pou yo bay otorite yo yon repons ki baze sou lalwa. Nap raple ke yon jou anvan vizit sa a nan biwo imigrasyon an, otorite lajistis yo te pran desizyon pou yo leve entèdiksyon depa a.

Reyaksyon depaman kontinye tonbe sou rapò komisyon evalyasyon ak verifikasyon elektoral la remèt pouvwa egzekitif la sou rezilta eleksyon prezidansyèl Oktob 2015 la. Kandida a la prezidans Platfòm Pitit Desalin nan, ansyen Senatè Moise Jean-Charles, ak Reynald Libérice, pòtpawòl PHTK, eksprime pozisyon diferan sou rapò komisyon an.

Anfen, Brigad Anti Dròg Polis Nasyonal (BLTS) ak Pakè pòtoprens la, ki gen asistans DEA, kontinye fouye yon bato ki rele MV Century Dream e ki, dapre sa otorite yo sispèk, ta gen dwòg ladan n. Pòtpawòl adjwen PNH la, Garry Desrosiers, pale ak laprès pou l fè konnen bato a te antre nan peyi a avèk divès pwovizyon ( tankou farin ak diri) ke antrepriz GK Enpò/Ekspò te kòmande. Misye Desrosiers fini pa di fouy la ap kontinye e lap mete laprès okouran tout dekouvèt otorite yo ta fè oubyen li va bay detay sou evolisyon sitiyasyon an.