Alix Idrache, yon Ayisyen, Diplome nan Akademi Militè Ameriken West Point

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Akademi Militè Lèzetazini nan West Point, nan Eta New York.

Si wap chache yon prèv ki montre viktwa pa konnen ras ni koulè po, pran yon ti tan pou w aprann istwa Alix Idrache, yon ayisyen ki fèk pran diplòm li nan akademi militè West Point Ozetazini.

Your browser doesn’t support HTML5

Istwa Alix Idrache, yon ayisyen ki pran diplòm li avèk gwo nòt nan akademi militè ameriken West Point.

Idrache fini etid li e li tounen yon 2èm-lyetnan ansanm avèk plis pase 950 kondisip de klas li nan jounen lendi 23 me 2016 la. Nan mitan bèl seremoni ki tap dewoule nan sikonstans la, yon Sèjan lame ki se yon fotograf an menm tan te pran foto misye pandan li tap viv yon moman chaje ak emosyon; se ak dlo nan je li montre satisfaksyon li pou chans li genyen pou l reyisi nan yon peyi kote tout moun ki gen volonte e ki serye kapab reyalize siksè.

Menmsi yon diplòm nan Akademi Militè ameriken an reprezante yon gwo reyalizasyon, Idrache kite sou Instagram lekòl militè a yon bèl mesaj ki eksplike pou kisa sete yon jou trè espesyal pou li. Li deklare:

Gen 3 bagay ki vin nan lespri mwen e ki fè dlo sòt nan je m: Premye a se kote m te kòmanse a. Mwen se moun Ayiti e mwen pat janm imajine yon jou mwen tap gen pou m resevwa onè sa a.”

“Dezyèm bagay la se kote mwen ye jodi a: Gason ak fi ki te redi pou prezève sa ki reprezante esansyèl nan nou kòm lòm, te kanpe nan menm pozisyon avè m pou yo te prete menm sèman an….”

“Twazyèm bagay la se avni mwen. Yon ti tan aprè m va kite akademi an, mwen gen pou m rapòte mwen nan Fò Rucker kote mwen pral kòmanse swiv klas pou m pilote avyon. Le fèt ke mwen konnen yon jou mwen pral tounen yon pilòt, sa ban m yon santiman imilite mwen pa ka eksprime. Mwen pat ka anpeche emosyon anvayi mwen lè m konnen mwen pral dirije gason ak fanm sa yo ki dispoze bay tout sa yo ye pou pwoteje sa nou bay valè kòm fason Ameriken yo viv. Pou mwen se pi gwo onè a. Yon fwa ankò map di: mèsi. “

Foto Alix Idrache sou medya sosyal yo resevwa plizyè milye “renmen”, “pataj” ak mesaj ki fè konpliman pou misyee sou kont Facebook ak Instagram akademi West Point la.

Nan jounen madi a, Idrache te ekri yon lòt mesaj sou paj Facebook li a:

“Mwen leve maten an e mwen jwenn figi mwen tout kote sou Facebook ak plizyè milye kòmantè ekstwòdinè sou reyalizasyon m nan. Mwen santi imilite ak yon chòk an menm tan. Mèsi dèske nou te ban m yon chans pou m viv Rèv Ameriken an e se pou Bondye Beni Lèzetazini, pi gran peyi sou Latè.”

Ekspresyon “bay enspirasyon” se 2 mo nou jwenn tout tan nan bouch moun nan epòk nap viv la. Sepandan, si ou di: “Istwa Alix Idrache la ba ou enspirasyon”, sa koresponn totalman ak laverite.