Ayiti-Eleksyon: Rapò Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la Kapab Pare Disi 28 Me 2016

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan Komisyon Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la, Francois Benoit, konfime nouvèl ki fè konnen, rive nan dat jedi 19 me a, teknisyen yo deja verifye 70 pou 100 pwosè vèbal yo. Yon lòt kote, Misye Benoit anonse yon gwoup avoka ap travay sou 170 plent kandida te depoze kont desizyon KEP a te pran e ki ta leze enterè yo pandan eleksyon an.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou vandredi 20 me 2016 la

Sou dosye elektoral la toujou, Komisyon Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la anonse li kapab soumèt rapò li bay otorite konsène yo nan dat 28 me kap vini an. Sekretè ekzektif e pòtpawòl komisyon an, Jean Gédéon, di Lavwadlamerik KEP a dwe resevwa rekòmandasyon rapò sa a kòm yon dokiman ki gen "fòs aplikasyon obligatwa." Deklarasyon misye Gédéon an kontredi pozisyon prezidan KEP a, Léopold Berlanger, ki te di enstitisyon elektoral la pa oblije aplike rekòmandasyon komisyon an. Msye Berlager te ajoute Biwo Kontansye Nasyonal Elektoral la pral analize rekòmandasyon yo e se li ki pral deside si wi ou non KEP a dwe mete yo an aplikasyon.

Yon lòt kote, Polis Nayonal d' Ayiti (PHN) enstale yon nouvo direktè nan vil Okay ak misyon pou garanti sekirite popilasyon k ap viv nan Depatman Sud peyi a. Non nouvo direktè a se Marc-André Carlostin. Korespondan nou Jean Hernst Eliscar di nou enstalasyon Misye Carlostin an dewoule mwens ke yon semèn aprè nèg ame te atake komisarya vil Okay la kote yo te touye yon polisye, blese plizyè lòt epi yo te sezi kèk zam. Atak sa a pwovoke reyaksyon nan peyi a tankou nan Dyaspora a; kèk obsèvatè panse ensidan an atire atansyon sou nesesite pou peyi a genyen yon fòs militè, jan konstitisyon an prevwa sa a.