Brezil-Politik: Palman an Avanse Pi Prè Jijman ak Revokasyon Prezidan Dilma Rousseff

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon fanm brezilyèn kenbe nan men li yon postè ki montre yon karikati Prezidan Dilma Rousseff avèk mo sa yo: "Li trayi Brezil" pandan yon manifestasyon kote moun yo tap mande jije e revoke prezidan an. (Foro: AP Photo/Eraldo Peres)

O Brezil, Yon komisyon palmantè rekòmande, nan jounen lendi 11 avril 2016 la, pou Prezidan Dilma Rousseff jije avèk posiblite pou palman an wete l sou pouvwa poutèt li ta mele nan zak koripsyon. Depite Jovair Arantes, ki se prensipal pèsonalite kap mennen ankèt sou dosye a pou chanm bas la, fè deklarasyon sa a :

“Genyen ase prèv ki montre akize a te komèt aksyon nou kapab konsidere kòm krim, paske li vyole lwa sou jan pou l ranpli responsablite li.”

Komisyon palmantè a vote 38 kont 27 an favè yon mosyon ki mande pou yo jije Prezidan Rousseff. Kounye a komisyon sa a pral voye rekòmandasyon li bay tout chanm bas la pou desizyon final la. Lalwa brezilyèn mande pou 2 tyè depite yo vote pou apiye mosyon an anvan pou jijman an kapab fèt. Apre vòt pozitif sa a, se sena a kap gen responsablite pou l jije Prezidan Rousseff.