Gwo Chanjman Ap Fèt nan La Avàn, Kiba

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Touris kap vizite ansyen La Avàn (La Vieja Havana) nan machin amerikèn ki la fabrike nan ane 50 yo. (Foto: REUTERS/Alexandre Meneghini).

Kèk gran moun gason ap fimen siga pandan yap jwe domino nan katye Fedoras. Machin mak amerikèn ane 50 yo ap sikile bò kote bisiklèt wouye. Rad ki fèk lave ap pandye sou balkon kèk kay ki an mazi. Timoun ki poko janm sèvi ak Entènèt la ap jwe foutbòl nan lari yo. Son mizik kibèn tradisyonèl ap sòti nan yon ba-restoran ki nan kalfou a. Se deskripsyon La Avàn, yon vil touris ameriken yo wè nan rèv yo – yon vil womantik, chaje mistè … yon vil entèdi.

Yon Pase Chaje Boulvèsman

Sitwayen ameriken yo pa kapab vwayaje kòm touris nan Kiba. Se yon entèdiksyon ki la depi nan ane 60 yo lè tansyon an te wo anpil ant Lèzetazini ak Kiba. Gouvènman kominis kiben an te tabli yon relasyon sere-sere avèk Larisi ki te rele Linyon Sovyetik nan epòk la. An 1962, Linyon Sovyetik te plase nan Kiba kèk silo kote li te gen entansyon enstale misil nikleyè.

Pandan 13 jou chaje tansyon, sanble Lèzetazini ak Linyon Sovyetik ta pral fè lagè poutèt prezans misil nan Kiba. Erezman, 2 peyi yo te fin pa jwenn yon solisyon diplomatik. Yo rele ensidan sa a “Kriz Misil Kiba a.” Se ensidan kote lemond te rive pi pre posib yon lagè tèmonikleyè.

Entèdiksyon sou vwayaj touristik la fè pati anbago komès kap peze sou do Kiba a e ki te kòmanse sou administrasyon Prezidan John F. Kennedy a. Entèdiksyon sou komès la sete yon efò pou izole gouvènman kominis Kiba a.

Machin Ameriken

Youn nan eritaj anbago a se gwo kantite ansyen machin ameriken kap sikile nan lari yo nan Kiba. Depi 1961, Kiben yo pa kapab enpòte machin mak amerikèn. Kèk nan machin sa yo --kap sikile depi anvan Revolisyon kibèn nan-- genyen plis pase yon milyon 600 mil kilomèt sou spidomèt yo.

Kiben yo se moun yo ki montre yo genyen talan kreyatif ekstwòdinè ki pèmèt yo fè machin sa yo kontinye mache. Raul, yon chofè taksi nan La Avàn eki bay prenon li sèlman, pale pou l di:

“ Machin mwen an se yon Chevrolet ane 1953. Se li sèlman nou genyen nan tout fanmi an. Premye mèt li sete grann mwen; ansuit papa m te vin posede l anvan li te pase l ban mwen. Tout pyès yo se pyès orijinal, eksepte transmisyon an.”

Amelyorasyon Relasyon yo

Anbago ki te kòmanse nan epòk Prezidan Kennedy a toujou an plas. Pandan 12 mwa ki pase yo, administrasyon Obama a adousi kèk pati nan anbago a. Relasyon ant Lèzetazini ak Kiba amelyore. Anbasad amerikèn nan nan Kiba re-louvri pòt li aprè 45 lane epi Kiba re-louvri anbasad li tou nan Washington.

Kounyela a yon sitwayen ameriken kapab vwayaje nan Kiba legalman pou 12 rezon diferan ki gen rapò ak echanj kap fèt ant moun ak moun. Sepandan, daprè lalwa amerikèn, yon vwayaj ki ta fèt tou senpleman pou yon moun ale sou yon plaj touristik, toujou rete entèdi.

Kate Burrill se yon dam kap viv nan vil New York. Nan mwa janvye pase a, li te sèvi ak òganizasyon vwayaj Friendly Planet pou l te fè yon vizit nan Kiba. Men temwayaj li:

“Sa k te siprann mwen, se le fèt ke peyi a osi bèl ke sa nou abitye wè nan foto piblisite ajans vwayaj yo pibliye yo; ou wè kèk bèl machin amerikèn ansyen, e nan katye ki nan ansyen pati vil la, mwen te twouve kay yo bèl anpil-anpil.”

Kiben yo Vle Aprann Anglè

Jenn Kiben yo ta renmen aprann anglè. Men pa genyen anpil pwofesè anglè kalifye nan peyi a. Kèk nan pi bon pwofesè yo al travay pito nan sektè touristik la ak restoran prive yo, kote yo kapab fè plis lajan. An plis de sa, lang anglè a pèmèt Kiben yo fè nouvo zanmi e pran kontak andeyò mond ispanofòn nan.

Juan Carlos Dominguez se direktè Depatman Anglè yon Lekòl de Medsin nan La Avàn. Li di Kiben yo pito aprann anglè ameriken an.

“Nou menm ak Ameriken, nou se vwazen. Nou trè pwòch jewografikman. Se anviwon 150 kilomèt sèlman ki separe nou. Nou gen kèk tip idantifikasyon komen. Nan lari yo, nan machin yo, ou kapab wè moun ak drapo ameriken nan men yo. Nou respekte sa.”

Yon Bann ak yon Pakèt Ameriken

Kantite sitwayen ameriken ki vizite Kiba ogmante seryezman pandan 12 dènye mwa yo. Vil La Avàn pa gen ase otèl ankò pou l satisfè demand yo. Kounyela a, gouvènman an nan kapital la bay Kiban yo pèmisyon pou yo lwe kay yo ak vwayajè ameriken yo.

Dènye chanjman ki fèt nan rapò ant 2 peyi yo pral pèmèt Kiba resevwa vizit plis sitwayen ameriken toujou. Ameriken yo pa gen obligasyon ankò pou yo chache jwenn yon lisans nan men gouvènman peyi yo pou yo ale Kiba. Moun atann yo aske vòl avyon regilye kap kite Lèzetazini pou ale Kiba pral kòmanse ane sa a menm.

Eske sa Pral Dire?

Eleksyon ki pral fèt pandan ane 2016 la pou chwazi nouvo prezidan ameriken an kapab genyen gwo konsekans sou relasyon ant Lèzetazini ak La Avàn. 2 kandida demokrat yo, Hillary Clinton ak Bernie Sanders, deklare yo apiye lide pou Lèzetazini leve anbago a. 2 nan kandida repibliken yo gen rapò familyal avèk Kiba. Papa Ted Cruz sete yon sitwayen kiben epi manman li sete yon blanch amerikèn. Marco Rubio se pitit gason 2 imigran kiben ki tap viv Miami. Tou le 2 kandida sa yo kritike desizyon Prezidan Barack Obama pran pou l nòmalize relasyon ant Lèzetazini avèk Kiba.