Diplomasi: Anbasadè Meksiken an nan Pòtoprens Pwomèt Ayiti yon Kowoperasyon san Rete.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Anbasadè Meksiken an ann Ayiti, Jose Luis Alvarado, vizite lokal palman ayisyen an, nan jounen lendi 14 septanm 2015 la, nan kad komemorasyon 205èm anivèsè revòlt ki te debouche sou endepandans peyi li. Diplomat la bay detay sou diferan aktivite k ap make anivèsè sa a pandan mwa septanm nan. Prezidan sena a, Andris Riche, ki te akeyi diplomat la, pale de enpòtans kowoperasyon ant 2 peyi yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou madi 15 septanm 2015

Yon lòt kote, ansyen Minis Afè Sosyal ayisyen Victor Benoit, ki te bay demisyon n sou demand pati li reprezante nan gouvènman an, FUSION, te patisipe nan seremoni enstalasyon nouvo minis la, Ariel Henry. Minis Henry enstale malgre pati politik li a, Inite, te mande l kite gouvènman an. Anvan sa ARiel Henry te Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal; nan diskou sikonstans li, li salye Chèf Deta a, Michel Martelly, ak Premye Minis Evans poutèt yo chwazi li pou okipe nouvo fonksyon an.

Anfen, Ayiti pèdi yon gwo tèt, gran chèf Vodou, Ati François Max Gesner Beauvoir. Fineray la ap chante mèkredi16 septanm 2015 la nan kapital peyi a, Pòtoprens.