Dwamoun ann Ayiti / Opinyon Chèf Sivil MINUSTAH a

Chèf sivil MINUSTAH (Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a), Sandra Honoré, fè konnen peyi a fè pwogrè nan domèn dwamoun nan depi 1986, menm si li rekonèt plis efò dwe fèt pou fè respekte dwa sitwayen ayisyen yo.

Madam Honoré –ki tap pale nan jounen madi 10 desanm nan nan okazyon 65èm anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun nan-- lanse apèl bay otorite ayisyen yo pou l mande yo kontinye ak efò yap deplwaye pou yo garanti tout moun jwi libète sivil yo.

Chèf sivil MINUSTAH a pwofite pou l repete volonte misyon l’ONU an pou l kontinye apiye gouvèman ayisyen an nan angajman li pran pou l konsolide etadedwa nan peyi a ak lòt pwogrè demokratik Ayiti reyalize pandan 27 ane ki pase yo.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj avèk korespondan nou Rotchild François Junior.