Rapò Chèf Sivil Minustah Sou Sitiasyon Jeneral la nan Peyi Dayiti

Foto madam Sandra Honoré, chèf Sivil Misyon Nasyonzini an ann Ayiti

Rapò l’ONU sou Ayiti a–ki pare depi nan dat 19 out 2013 la--sa 2èm rapò (no. 493) Sekretè Jeneral la, Ban Ki-moon, ap soumèt devan Konsèy Sekirite a sou sitiyasyon jeneral la ann Ayiti e sitou sou kontribisyon l’ONU nan estabilizasyon peyi a gras ak aksyon MINUSTAH. Dokiman an--ki pral sèvi kòm baz desizyon Konsèy Sekirite a pral pran sou Ayiti--pale, antwòt, de pwen sa yo:

-Travay MINUSTHA ann Ayiti padnan 6 denye mwa yo, plis rekòmandasyon pou Konsèy Sekirite a ;

-Idantifye pwogrè ki fèt nan PNH (Polis Nasyonal Dayiti) gras ak kowoperasyon ak MINUSTHA;

-Aktivite Misyon l’ONU ann Ayiti nan diferan domèn;

-Apui MINUSTHA pote bay enstitisyon l’Eta yo nan domèn tankou eleksyon, rediksyon vyolans, elatriye;

-Kolaborasyon ak gouvènman an nan domen jistis, administrasyon penitansye yo ak dwamoun.

Rapò a touche tou sitayasyon politik, mezantant ant Pouvwa Lejislif la ak Pouvwa Egzekitif sou kèk dosye, tankou eleksyon yo, sitou reta nan eleksyon yo... Epi dokiman an atire atansyon sou le fèt ke Pouvwa Egzekitif la deja soumèt pwojè-lwa elektotal la devan palman an.

Jounalis Serge Michel ki pale sou rapò l’ONU an avèk chèf sivil MINUSTAH ann Ayiti, Sandra Honoré, mande li, antwòt, eske l’ONU pran yon responsablite kèlkonk pou prezans epidemi Kolera ann Ayiti. Madam Honoré reponn poul di se yon dosye ki devan seksyon jiridik Òganizasyon Nasyon Zini an kap trete li selon Konvansyon fevriye 1946 la sou privilèj e iminite òganizasyon entènasyonal la.

Chèf sivil MINUSTAH a pa bay plis detay sou dosye kolera a. Li fini pa di rapò pale de dispozisyon l’ONU pran pou l travay ak tout entèlokitè yo (gouvènman an, klas politik la, sosyete sivil…) pou tabli yon kad pwopis : 1) pou oganizasyon pwochèn eleksyon yo ; 2) pou ofri yon kontribisyon pou devlopman sosyo-ekonomik peyi Dayiti.

Klike sou lyen anba ataik sa a pou w swiv yon entèvyou Madam Sandra Honoré bay Serge François Michel.

Your browser doesn’t support HTML5

Entèvyou ak lidè sivil Minustah Sandra Honoré