Yon jij ki t ap mennen ankèt sou akizasyon kap peze sou do Premye Dam ayisyèn nan, Sophia Martelly, ak pitit gason li, Olivier Martelly --kòmkwa yo ta mele nan yon eskandal koripsyon-- ebyen, jij la mouri anba sa ki sanble ak yon kriz kadyak.
Non jij la se Jean Serge Joseph e li rann dènye soupi li nan Lopital Bernard Mevs, nan Pòtoprens.
Malgre deklarasyon doktè ki konfime se yon atak kadyak ki lakoz lanmò Mèt Serge Joseph, fanmi li leve lavwa pou di li viktim yon asasina.
Klike sou ikon ki agoch pou plis detay avèk korespondan nou Rotchild François Junior.