Ensandi Nan Yon Mache nan Kapital Ayisyen an: Bilan pwovizwa 2 moun Mouri

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
2 kretyen-vivan, pou pi piti, pèdi lavi-yo nan yon dife ki pran nan zòn midi konsa (lè lokal) jedi 25 me –jou jedi fèt Dye a--nan yon mache ki nan antre nò kapital ayisyèn an, Pòtoprens.

Ensandi a fè gwo dega materiel, e anpil machann ak detayan pèdi ti biznis yo.

Korespondan nou, Clarens Renois, di nou genyen blese kap resevwa swen lopital, men entèvansyon sapè ponpye yo ede limite dega yo e tenyen dife a.

Klike sou ikon ki agoch la pou plis detay avèk Clarens Renois.