Vizit Istorik Prezidan Peyi Bimani an, Thein Sein, Ozetazini.

Prezidan Barack Obama (agoch) ap prese lamen Prezidan Thein Sein nan okazyon yon vizit Misye Obama te fè nan Rangoon, Bimani (Foto: 19 novanm 2012).

Prezidan Bimani an, Thein Sein, ap tounen premye chèf deta peyi sa a yon lidè ameriken ap resevwa nan La Mezon Blanch nan plis pase 40 tan, lè l va rankontre ak Prezidan Barack Obama nan jounen lendi 20 me 2013 la. Anvan rankont istorik sa a, Misye Thein te patisipe nan yon pwogram kesyon-repons espesyal ki dewoule dimanch la nan Lavwadlamerik kote li pale de refòm politik kap fèt nan peyi li.

Vrèmanvre, vizit Prezidan Thein Sein nan ap dewoule nan moman peyi li ap fè eksperyans yon seri refòm ekonomik e politik trè zenpòtan aprè fen yon rejim militè ki te dirije peyi a pandan preske 50 lane. Sepandan, pèp Birman an kontinye soufri akoz vyolans pou rezon rasyal kap fèt kont gwoup etnik Rohingya a ki fè pati minorite mizilman an.

Gwoup defans dwamoun, tankou Human Rights Watch, akize otorite birman yo deske yap pratike netwayaj rasyal kont Rohingya yo –yon pratik ki mache ak yon politik kote otorite yo refize rekonèt yo kòm sitwayen peyi a e menm anpeche yo jwi nòmalman dwa yo kòm kretyen vivan.

Nan pwogram Lavwadlamerik la, Prezidan Thein di rezondèt zak vyolans yo se sitou aktivite kriminèl, menm si li rekonèt pafwa lapolis gen yon pa responsablite nan sa tou. Prezidan Thein di:

« Sitiyasyon ki prezante nan rejyon kote Rohingya yo ap viv la, se yon sitiyasyon espesyal. Yo viktim aktivite krimimèl kote manm yon gwoup atake manm yon lòt, epi yo youn mete dife nan kay lòt. Se konsa sitiyasyon an evolye jous li gaye pou l pran dimansyon li genyen jounen jodi a. Gouvènman an mete sou pye yon komisyon espesyal pou mennen ankèt sou zak vyolans sa yo. »

Pandan Prezidan Thein Sein te nan estidyo Lavwadlamerik la, yon ti gwoup manifestan te pran pozisyon devan lokal estasyon radyo a pou yo pwoteste e mande plis dwa pou minorite yo nan Bimani. Youn nan manifestasn sa yo sete Yusuf Iqbal ki pale pou l di :

“Nou dakò pou n di genyen amelyorasyon nan egzèsis dwa majorite popilasyon an. Men pa janm gen chanjman nan pwoblèm minorite yo ap konfwonte; e nan tranzisyon kap fèt la, se minorite yo ki viktim. Se ka Mizilman Rohingya yo, e se ka mizilman birman yo an jeneral; se ka gwoup etnik Kachin ak Shan yo. Yo tout viktim. Prezidan an bliye si minorite sa yo merite jwenn pwoteksyon; li fèmen je l sou sò yo menm jan li fèmen je l sou tout demand nou mete devan li. »

Pandan 12 mwa ki pase yo, batay ki dewoule nan Bimani ant moun ki pratike relijyon boudism ak manm relijyon Islamik la, lakoz lanmò anviwon 200 moun nan pwovens Rakhin, tandiske plis pase 100 mil moun pèdi kay yo nan dife –pi fò nan moun sa yo se mizilman Rohingya.

Rankont Prezidan Thein Sein ak Prezidan Obama, lendi 20 me 2013 la nan La Mezon Blanch, ap fèt 6 mwa aprè Misye Obama te tounen premye lidè ameriken ann egzèsis (kidonk, ki sou pouvwa a toujou) ki vizite peyi Bimani.