14 Me 2011-14 Me 2013: Prezidan Michel Martelly Genyen 2 Zan sou Pouvwa a Bilan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Sa gen 2 zan, 14 me 2011, Michel Joseph Martelly te prete sèman kòm Prezidan Repiblik Dayiti. Li te tounen 3èm lidè ayisyen ki eli demokratikman depi ranvèsman dinasti Duvalier a ki te tonbe nan dat 7 fevriye 1986.

Prezidans Misye Martelly a te gen pou l fè fas jiskisi ak anpil defi, depi konsekans grav yon tranblemanntè ki te devaste kapital la, Pòtoprens, ak lòt rejjyon nan peyi a, rive nan yon epidemi kolera ki poze gwo difikilte pou resous ak expertise ni otorite lasante peyi a, ni òganizasyon imanitè entènasyonal yo, tankou Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ak Oganizasyon Pan-Ameriken Lasante (OPS).

Avèk yon eritaj lou konsa plis lòt defi ki difisil pou jere, kèk obsèvatè ap mande eske Misye Martelly ak ekip gouvènmantal li a kapab reyalize, antwòt, pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la ; tandiske lòt moun panse li twò bonè pou yo pote yon jijman ki repoze sou enpasyalite e lidè ayisyen an merite toujou « le bénéfice du doùte », lè yo konsidere sa rejim li a reyalize nan yon peryòd tan ki relativman kout.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon analiz/bilan gouvènman Michel Martelly a, avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.