Vizit Prezidan Barack Obama Nan Meksik

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Etazini an, Barack Obama, sou wout poul ale nan Meksik--premye etap yon vwayaj 3 jou nan Amerik Latin ki vize ranfòse relasyon komèsyal ant peyi li ak Meksik e diskite sou refòm imigrasyon, menas kont sekirite ak trafik dwòg.

Nan vil Meksiko, Msye Obama ap rankontre ak nouvo Prezidan meksiken an, Enrique Pena Nieto, pou yo fè chita-koze sou mwayen pou yo kore relasyon komèsyal ant 2 peyi yo. Meksik se youn nan pi gwo mache pou ekspòtasyon machandiz ak sèvis ameriken.

Chita-koze yo pwal santre sou lit kont katèl dwòg k ap fè trafik ant plizyè peyi. Msye Obama fè konnen Etazini ak Meksik amelyore kooperasyon yo pandan ane ki pase yo, men kolaborasyon an ta ka miyò.

Demen vandredi a, Msye Obama ap pati pou Costa Rica, kote li pwal rankontre ak Prezidan Laura Chinchilla e asiste yon konferans sou devlopman ekonomik ak lidè yo nan Amerik Santral la.