Prezidan Chinwa a ap Vizite Kèk Peyi sou Kontinan Afriken an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan chinwa a, Xi Jinping bat bravo pou relasyon la Chin genyen ak peyi afriken yo nan kad premye vizit lap fè sou kontinan an e premye vwayaj li fè an deyò peyi li depi li monte kòm prezidan nan Peken nan kòmansman ane sa a.

Msye Xi twouve l nan Tanzani kote li rankontre ak tokay Tanzanyen ni, Prezidan Jakaya Kikwete . Aprè kèk chita-tande, 2 lidè yo te siyen divès akò kiltirèl, komèsyal ak akò sou devlopman .

Youn nan bagay ki pi enpòtan nan vwayaj prezidan chinwa a fè lòtbò a, se deklarasyon li fè bay lidè afriken yo pou di la Chin pral entansifye e non afebli relasyon ni avèk yo.
Msye Xi te debake nan Tanzani an sòtan n Moskou kote li te rankontre ak prezidan rus la, Vladimir Putin.