Ayiti - Eleksyon: Blokaj la Kontinye nan Nivo CSPJ a ak Palman an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, kriz ki pete sou fòmasyon Konsèy Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CT-CEP) pa sanble li sou wout pou l jwenn yon solisyon menm aprè palman an fin chwazi 3 reprezantan n yo nan enstitisyon an.

Malgre nominasyon 3 reprezantan pouvwa lejislatif la, sanble yon mezantant ap kontinye toujou nan nivo palman. Daprè nouvèl yo, sanble kèk palmantè pa fin twò dakò ak chwa yo, oubyen yo konteste fason lidè 2 chanm yo prezante chwa sa yo devan pouvwa egzekitif la.

Senatè Steven Benoit, li menm, fè konnen lèt ki al jwenn egzekitif la te sipoze gen siyati prezidan asanble nasyonal la –an palan de Senatè Simon Dieusel Desra.

Pozisyon sa a jwenn apui egzekitif la kote ansyen Senatè Joseph, youn nan konseye Prezidan Michel Martelly, di l ap konsidere aspè legal e kontitisyonèl kesyon an, paske Prezidan Chanm Depite a, menm jan ak Prezidan Sena a, pa siyen dokiman ki anonse chwa 3 moun k ap reprezante palman an nan CT-CEP a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute korespondan nou Clarens Renois, kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.