Premye Minis Japon an Shinzo Abe Anonse Prezans Peyi l nan yon Akò Komèsyal Lèzetazini

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nan peyi Japon, premye minis la Shinzo Abe di li ta renmen pou Tokyo fè pati yon chita tande sou yon gwo akò komèsyal ki gen nan tèt li Lèzetazini nan lide pou rebay ekonomi peyi a yon lòt vigè.

Mesye Abe pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay vandredi 15 mas sa a kote li di Japon pa dwe sèl grenn peyi nan rejyon an ki genyen yon ekonomi ki repliye sou li menm.

Lidè nipon an ajoute, se dènye chans Japon e li di peyi pa dwe rate opòtinite sa a . Japon pap rete dèyè, pawòl premye minis-la Shinzo Abe.