Chanjman nan Lidèchip Politik la nan Lachin : Xi Jinping Ranplas Hu Jintao

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Chèf pati kominis chinwa a, Xi Jinping, pran ofisyèlman tit prezidan an jedi 14 mas 2013 la nan yon fòmalite ki konplete monte l nan tèt pouvwa a. Misye Xi pral okipe yon pozisyon ki senbolik anpil aprè yon vòt ki dewoule nan kongrè nasyonal pèp la. Li resevwa 2 mil 952 vwa kont yon sèl. Li te deja okipe pòs ki pi enpòtan nan pati a -an palan de pòs sekretè jeneral la- e depi mwa novanm pase a li te tounen pi gwo kòmandan lame chinwaz la.

Xi Jingping gen 59 van ; li ranplase Hu Jintao nan kad yon transfè pouvwa ki te dewoule anba anpil kontwòl e ki fèt chak 10 zan. Nan menm seremoni madi a, delege yo chwazi yon manm « politburo » a, Li Yuanchao, yon refòmatè liberal, kòm vis-prezidan. Daprè previzyon ki fèt, pati kominis la pral chwazi Li Keqiang pou okipe plas premye minis la nan yon vòt ki fikse pou vandredi 15 mas la