Etazini/Fiskalite: Yon Nouvo Plan Repibliken Pou Bidjè Federal la

Depite Repibliken Paul Ryan avèk yon kopi Rezolisyon sou Bidjè 2014 (12 Mas 2013).

Nan Washington, Demokrat yo rejte yon plan bidjè Repibliken yo prezante pou rezoud kriz fikal la, plan ki ta ka koupe 4 trilyon 600 milya dola nan depans federal yo epi ekilibre bidjè a nan 10 zan. Demokrat yo di plan an, ki te ka fè pati bidjè 2014 la, pa ofri okenn konpwomi.
Se prezidan komisyon bidjè Chanm dè Reprezantan an, depite republiken e ansyen kandida pou plas Vis Pprezidan Paul Ryan, ki prezante dokiman an; li di pwopozisyon-bidjè sa a se sa l rele “ yon wout ki ka debouche sou pwosperite”. Depite Ryan declare:

“Travay pou ekilibre bibjè a se yon mwayen pou n atenn yon bi; se yon mwayen pou n genyen yon pi bon ekonomi, yon sosyete kap travay pou kwasans ekonomik; yon ekonomi kap grandi e ki ofri plis opòtinite.”

Demokrat yo nan Kongrè a (san bliye lidè majorite a nan Sena a, Harry Reid) rejte pwopozisyon bidjè sa a ki, daprè yo, pa kite plas pou konpwomi. Misye Reid, antwot, pale pou l di demokrat yo pa renmen priyorite ki nan dokiman an. Misye Reid deklare:

“Budjè Depite Repibliken Ryan nan mande plis soulajman taks pou moun rich yo, menm jan li ka mete fen nan Medicare (pwogram swen sante gouvènman an mete a la dispozisyon granmoun aje yo) jan pwogram sa a egziste jounen jodi a. Se konsa tou se yon plan ki mande kèk gwo rediksyon nan lajan ki la pou edikasyon ak lòt pwogram kap ede ekonomi amerikèn nan fè pwogrè e pwospere.”
Analis yo fè konnen si plan bidjè sa a pase nan Chanm Bas la, li pa gen okenn chans pou l pase nan Sena a. Konsa chakenn nan 2 chanm tap genyen pou li vini ak pwop vèsyon pa li. Anfen, manm yo ta dwe chache rekonsilye 2 dokiman yo anvan pou Prezidan Barack Obama siyen li pou li kapab tounen yon lwa.