Kadinal yo ap Pare pou Eli yon Nouvo Pap

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Lemond antye, an patikilye mond katolik la, gen zye yo fikse sou Vatican kote 115 kadinal kòmanse pwosesis pou chwazi yon nouvo pap. Kolèj kadinal yo fèmen nan chapel Sistine nan e yo pa pral soti jiskaske yo eli yon nouvo Pap. Yo pral fè yon ve sekrè e yo pa gen dwa pou yo devwale sa k ap pase andan an .

Lemond pral konnen lè legliz katolik gen yon nouvo lidè lè lafimen blan va soti nan yon chemine espesyal ki enstale sou tèt chapel la. Si kadinal yo pa jwen yon vòt, lè sa a pral gen yon la fimen nwa k ap soti nan chemine a.

Premye lafimen an kapab soti nan chemine Chapèl Sistine jodi madi a. Pa pral gen plis pase 4 vòt pa jou jiskaske yo chwazi yon nouvo souvren Pontif. Seleksyon an dwe resevwa omwen 77 vwa, swa 2 tyè majorite a. Pako gen okèn favori pou ranplase Pap Benoit 16 ki te siprann lemond avèk anons demisyon n mwa pase a apre 8 tan nan papote a .