Reyaksyon Lamezon Blanch Sou Lanmò Prezidan Hugo Chavez

Prezidan Lèzetazini Barack Obama

Lèzetazini reyafime pèp venezuelyen an apui li ak enterè l nan efò pou devlope meyè relasyon ak gouvènman Venezuela a, nan yon deklarasyon Lamezon Blanche pibliye madi swa nan okazyon lanmò prezidan Hugo Chavez.

Nan kominike sa a, prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare "nan moman Venezuela ap tanmen yon nouvo chapit nan istwa li, Lèzetazini mentni angajman li anfavè politik kap fè pwomosyon prensip demokratik, eta de dwa ak respè dwa kretyen-vivan".

Se premye reyaksyon ofisyèl Lèzetazini sou lanmò lidè gochis venezuelyen an, Hugo Chavez, ki pat janm mete dlo nan bouch li pou kritike Lèzetazini.

Kominike sa a tonbe tou kèlkezè apre Caracas mete deyè 2 atache militè Lèzetazini anba akizasyon deske yo ta rankontre ak ofisye lame venezuelyen an nan yon efò pou destabilize gouvènman an. Depatman Defans Lèzetazini konfime ekspilsyon yo e ke tou 2 diplomat yo deja kite Venezuela.