Chin: Gouvènman an Pwomèt Pou l Konbat Koripsyon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Gouvènman chinwa a pran angajman pou l lite kont koripsyon, ameliore anviwonman an ak kwasans ekonomik nan okazyon sesyon palmantè anyèl la ki tanmen. Plizyè milye delege ki soti atravè peyi a reyini nan mitan gwo mezi sekirite nan Peken pou sesyon Kongrè popilè nasyonal la k ap dire 13 jou; sesyon sa a pral konplete chanjman lidèship la.

Premye minis sòtan an, Wen Jiabao delivre rapò travay dènye gouvèman an nan ouvèti sesyon an. Li deklare la Chin ap fè fas ak yon travay difisil pou korije kwasans ekonomik la ki pa ekilibre ak inegalite salè yo.

Msye Wen deklare : "developman ekonomik toujou an konfli avèk konsèvasyon resous ak pwoteksyon anviwonman an. Eka ki egziste ant zòn riral, zòn iben yo ak ant rejyon yo gran anpil, mènm jan ak inegalite revni ant endividi yo.”

Msye Wen di kwasans ekonomik ki vize pou la Chin ane sa a se 7,5 pou san, menm jan ak ane pase e gouvènman an pral lite pou l diminye enflasyon an. Depandans nan domèn defans la pral ogmante a preske 11%.

Pandan rankont gwo seremoni palman an, chèf pati kominis chinwa a, Xi Jinping pral pran ofisyèlman prezidans la nan men Hu Jintao. Li Keqiang pral ranplase msye Wen kòm premye minis.