Ayiti - Jistis : Ansyen Prezidan Avi Jean-Claude Duvalier Konparèt Devan Lajistis

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ansyen prezidan avi Jean-Claude Duvalier reponn kesyon Majistra Jean-Joseph Lebrun, yon jij nan Kou Dapèl Pòtoprens la, an prezans avoka Misye Duvalier yo ak kèk ansyen bawon rejim divalyeris la e kèk patizan.

Mèt Reynold Georges, youn nan avoka kap defann ansyen prezidan ayisyen an, di li “pasyèlman” satisfè ak odyans la pandan li atire atansyon sou le fèt ke 2 tribinal –Kou Dapèl ak Kou de Kasasyon-- pa ka sou yon menm dosye an menm tan. Sepandan Mèt Georges di se yon bon bagay lefèt ke Mesye Duvalier konparèt nan tribinal e reponn kesyon lajistis peyi li.

Pandan seyans la tap dewoule, kèk viktim ansyen rejim nan ki pote plent kont Misye Duvalier e kèk reprezantan òganizasyon dwamoun, tankou Amisty International ak Human Rights Watch, te prezan anndan tribinal la, tandiske yon gwoup moun ki tap pwoteste an favè ansyen lidè a te rasanble devan tribinal la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon entèvyou chèf Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la, Ronald César, fè ak Mèt Reynold Georges, youn nan avoka Jean-Claude Duvalier yo.