Ayiti: Rankont Palman an ak Polis Nasyonal la sou Lit kont Ensekirite

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, Konsèy Siperyè Polis Nasyonal fè yon rankont ak yon komisyon nan Sena a, madi 27 novanm 2012 la, sou efò k ap fèt pou konbat fenomèn ensekirite a.

Depi kèk jou deja, popilasyon Pòtoprens ak kèk lòt zòn peyi a, tankou Jakmèl, rekòmanse sibi move zak kriminèl tankou kidnaping avèk asasina ; e moun pè pou fenomèn sa a pa vin pi grav pandan fèt fen dane yo ap rapwoche.