Meksik: Otorite yo Konfime Lanmò Lidè Katèl Zetas la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Responsab yo nan peyi Meksik fè konnen tès yo fè sou kadav konfime ke lidè pwisan katèl dwòg meksikèn, Zetas, mouri dimanch nan yon boukantay kout zam ak fòs naval peyi a .

Kò marinn nan di anprent yo pran nan kadav yon nèg ki mouri nan yon fiziyad nan Coahuila nan pati nò peyi a koresponn a Heriberto Lazcano.

Anketè yo di foto yo tou koresponn ak Lazcano. Sepandan yon komisè gouvènman di nèg ame te vòlè kadav Lazcano nan yon ponm funèb lendi ki sot pase la a.

Lazcano ki gen ti non gate “Egzekitè” Lazcano, se youn nan gran bawon dwòg ke lapolis te pi ap chèche.

Etazini te ofri 5 milyon dola pou tout moun ki ta ede l mete men sou gwo lidè Zetas la.