Meksik/Dwòg : Lanmò Posib Lidè Katèl Zetas la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
La marin de gè peyi Meksik fè konnen lidè yon katèl dwòg puisan ki rele Zetas --an palan de Heriberto Lazcano-- sanble pèdi lavi li nan yon maryaj koutzam.

Daprè yon deklarasyon la marin Meksikèn pibliye, 2 swadizan manm gang mouri dimanch 7 oktòb 2012 la nan yon goumen ak fòs naval la ki dewoule nan Eta Coahuila ki nan pati nò Meksik; e genyen bon jan prèv ki montre youn nan viktim yo se Lazcano.

Sepandan, deklarasyon an di gen plis analiz ADN ki rete pou fèt pou yo kapab konfime vrèman se lidè katèl dwòg la ki mouri a.