Kolonbi: Prezidan Santos gen Kansè Pwostat

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan kolonbyen an Juan Manuel Santos anonse li pral subi yon operasyon chirijikal pou kansè pwostat.

Mesye Santos mete deyò nouvèl maladi l la dimanch 30 septanm la nan yon konferans pou laprès li te bay nan palè prezidansyèl la nan Bogota.

Lidè kolonbyen an presize doktè yo ki dekouvri tumè bonè fè konnen li gen 100 pou 100 chans pou l geri.

Mesye Santos te gen pou l ale Lima nan peyi Pewou pou somè lidè sid-ameriken ak arab yo.

Li di jounalis l ap retounen Bogota e lap sibi operasyon an mèkredi 3 oktòb a kote yo pral retire timè a.