Prezidan Obama Pran Lapawòl Nan Asanble Jeneral Nasyonzini an

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Isit Ozetazni, pi presizeman nan vil New York, prezidan Barack Obama pran lapawòl nan kèk èd tan konsa devan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, nan kad ouvèti sesyon anyèl l’ONU ki pral dewoule an prezans divès lidè mondyal.

Pòtpawol La Mezon Blanch la, Jay Carney, fè konnen lidè ameriken an pral voye yon mesaj solid e dyanm pou l di vyokans se pa yon bagay ki akseptab man lemond e Lèzetazini dispoze jwe yon wòl lidè nan domèn sa a.

Misye Carney di: “Vyolans se pa yon bagay ki janm akseptab. Se yon mesaj prezidan Obama tande nan bouch lidè li te kontakte pèsonèlman nan peyi tankou Lejipt, Libi ak Yemèn. Li pral voye tou yon mesaj klè pou di Lèzetazini pap janm izole tèt li pa rapò ak rès mond la. Lèzetazini pral trennen devan lajistis sila yo ki fè Ameriken mal, e Lèzetazuni pral kanpe fèm pou l defann prensip demokratik nou yo nan lemond.

Menm si Prezidan Obama te fè rankont separe ak 13 lidè mondyal ane pase a, Lamezon Blanch pa anonse okenn tèt-a-tèt nan okzasyon patisipasyon prezidan ameriken an nan Asanble Jeral l’ONU an ane sa a. Daprè pòtpawol Jay Carney, misye Obama te antre an kontak ak divès lidè etranjè nan semèn ki fèk pase yo.

Jay Carney deklare: “Kontak li ak rankont li ak lidè etranjè yo pral kontinye; yo prale avanse, avèk menm kalte entansite nou wè nan jou ak semèn ki pase yo jan evennman yo nan lemond va mande sa, e daprè angajman prezidan-an pran pou l defann enterè ak sekurite nasyonal Lèzetazini.

Nouvèl la presize, nan okazyon Asanble Jeneral Nasyon Zini an, se Sekretè Deta Hillary Clinton e non pa prezidan Obama ki pral rankontre ak premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu.

Misye Carney di asanble anyèl l’ONU an bay prezidan Obama yon lòt okazsyon pou l ensiste sou angajman administrasyon n nan pran pou l anpeche Iran posede.